Free US shipping over $100!

Kreyòl

EnglishEspañolKreyòlFrenchPortuguese

 

SWEAT RECORDS ouvri pòt li an 2005 pou tout fanatik mizik Miyami yo, ansanm ak touris ki vin vizite bèl vil twopikal nou an. Konpayi nou an ofri pi gwo seleksyon disk vinil nan tout Miyami kit seswa disk ki fèk soti/oswa relanse, disk dezyèm men, plato elektwonik pou jwe disk ou yo, akseswa, bwòch an emay, pwodui lokal, magazin, etc… Kontwa kafe nou a ranpòte plizyè pri, epi li ofri plizyè varyete kafe tankou espreso, kafe glase, ak tout lòt kalite bwason espesyal ke nou prepare alamen.

Jodiya, moun rekonèt Sweat Records non sèlman pou renome entènasyonal nou genyen pou vant disk nou yo, men pou evènman regilye nou òganize pou moun tout laj, timoun tankou granmoun yo tou. Pou plis ransènyeman, vizite paj evènman nou an, paj Facebook nou an, oubyen ajoute e-mail ou nan bilten enfòmasyon nou an. Si ou ta vle vann nou disk ki nan koleksyon pa ou, nou pa garanti acha TOUT disk ou gen dwa ofri nou, men nou pa ezite peye byen pou disk nou chwazi yo. Pou plis enfòmasyon, tcheke paj keyson/repons nou an.

WI, NOU ACHTE DISK TOU.
Si ou genyen entansyon vann disk ou yo, tanpri, rele nou pou mande pou yon moun ki gen otorizayon konplete acha a. Nou kapab fè deplasman pou achte disk ou yo tou, men se sèlman si koleksyon an genyen 500 disk ou plis.

Majorite envantè nou an disponib pou ou achte sou sit entènèt nou a sweatshopsmiami.com. Pwòp machandiz magazen an kreye ( mayo e latriye) disponib sou sit la tou oswa sou Merchcloud. Epi nou genyen mezon disk pa nou ki rele Sweat Records Records.

Pou ou li plis detay sou istwa magazen nou an, tanpri vizite paj près la sou sit nou an.

Para Pou tout kesyon epi pou ou konnen si nou genyen yon tit an stòk, rele nou nan 786.693.9309, oubyen kontakte nou pa e-mail.

Mèsi!

 

* Mèsi anpil to Stacey Louidor for the translation!

Your Cart — 0

You cart is currently empty

Login